Tifi Kanntè A Eksperyans Yon Rèvèz
ANVI RESPIRE LIB: Moun Ki Ap Chèche Azil

Yon Ekstrè Nouvo Liv Ruth Jean

ANVI  RESPIRE LIB: Moun Ki Ap  Chèche Azil
“Ban mwen moun ki fatige ou yo, pòv ou yo, mas moun youn sou lòt ou yo ki anvi respire lib”, se mo sa a yo ki grave (ekri ak biren) sou Estati Libète a. Sitasyon sa a nan kontèks imigrasyon an, li fè nou panse a moun ki ap chèche azil yo. Kiyès ki pi anvi respire lib pase yon moun ki ap kouri kite pèsekisyon peyi l? Se sa ki defini yon moun ki ap chèche azil! Moun ki ap chèche azil yo sitèlman anvi jwenn libète, y ap riske lavi yo pou yo sove kite peyi yo epi antre Etazini. Mwen te vini ann Amerik nan yon kanntè, nan yon vwayaj ki te mete lavi mwen an danje.

Lè manman m ak papa m te kouri kite Ayiti, se yon diktatè ki t ap dirije peyi a, Jean-Claude Duvalier, ki te rete apre papa li, François Duvalier, te mouri. Yo t ap kouri kite yon rejim ki t ap dirije avèk yon men an fè.

Nan rejim sa a, yo pa t konnen libète moun. Libète lapawòl pa t egziste sou rejim Divalye a. Yo pa t otorize moun yo pou yo pale pou pwòp tèt yo, epi kèk grenn moun t ap dirije mas yo kòm si se wa yo te ye. Rejim nan te anplwaye chèf militè lokal ki te rele “Tonton Makout” nan tout peyi a. Sa vle di anpil moun te kouri kite Ayiti nan kanntè pou ale Etazini. Nan kouri kite Ayiti, anpil moun te debake Etazini epi yo t ap chèche azil pou yo chape anba rejim lanmò sa a.

Yon moun k ap chèche azil se yon moun ki te sibi pèsekisyon nan peyi natif natal li epi li pè retounen nan peyi natif natal li akòz pèsekisyon sa a. Pwoblèm mwen te rankontre kay kèk moun ki vle aplike pou azil sè ke y ap chèche azil tou senpleman paske peyi natif natal yo a ap sibi yon sitiyasyon tèrib (gravman grav) men yomenm yo pa t sibi okenn pèsekisyon oswa yon laperèz pèsekisyon rezonab.

Pèsekisyon se pa sèlman asèlman (tizonnay) oswa pwoblèm nan peyi natif natal yon moun. Li dwe fèt akòz ras, nasyonalite, relijyon, akòz yon moun se manm yon gwoup espesyal nan sosyete a, oswa akòz opinyon politik. Sa vle di nenpòt pèsekisyon yon moun te sibi nan peyi natif natal li, pèsekisyon sa a dwe konekte avèk youn nan senk rezon nou sot di li a. Souvan, moun yo sibi pwoblèm nan peyi yo ki kapab sèlman pwoblèm ekonomik oswa pwoblèm avèk krim nan peyi yo ki pa fè pati kondisyon kalifikasyon pou azil yo epi pandan sitiyasyon sa a yo tris epi sitiyasyon sa a yo nesesite rekou, se pa sitiyasyon sa a yo lwa sou azil yo sipoze korije.

A kontinye...

Pa ka tann? Liv li a disponib sou Amazon an Angle, Kreyòl ak Panyòl. ACHTE KOUNYA