Tifi Kanntè A Eksperyans Yon Rèvèz
Manman mwen te vin ewo mwen jou sa a.

Yon Ekstrè Nouvo Liv Ruth Jean

Manman m te vin tounen ewoyin mwen jou sa a epi pou sakrifis li a, mwen gen manman m rekonesans pou tout tan. Mwen pa sonje ditou ki jou manman m te deside vwayaje nan kanntè avèk nou, men mwen konnen ke san desizyon revolisyonè sa a, mwen pa t ap kote mwen ye jodi a.

Mwen kapab imajine sèn nan yon fason klè dapre sa manman m te di m lan—fason mwen te kanpe bò kote li pandan li kwoke mwen avèk yon bra li, premye ti frè m lan ki te kanpe nan mitan, devan pye manman m pandan manman m te kenbe ti frè m ki te fenk fèt la byen di avèk lòt bra ki pa t kenbe m lan. Mwen ka imajine ti bato a laba a nan mitan Oseyan Atlantik la, ranpli ak moun ki t ap espere yon ale mye men ki te pèdi lespwa pou yon lòt lavi. Mwen ka imajine santiman melanje moun ki t ap reflechi èske yo t ap soti vivan nan vwayaj sa a epi ki t ap fè pwojè konsènan kisa yo te pral fè pandan rès lavi yo si yo ta soti vivan.

Gen kèk moun ki te gen pwojè pou yo ale lekòl pou yo amelyore tèt yo; gen kèk lòt ki te gen pwojè pou yo jwenn yon travay pou ede lafanmi yo retounen lakay yo; gen kèk lòt ki te gen pwojè pou yo ede pitit yo ale lekòl; gen kèk moun ki t ap chèche posibilite pou yo pale lib epi viv fason yo vle viv la san yo pa anba menas gouvènman an. 

Manman m di nou te tonbe yon kote sou Keys yo, Key Biscayne pwobableman. Lè nou te debake, gen moun ki te pote nou sekou, manman m panse se te imigrasyon. Yo te ban nou manje, rad cho, ak opòtinite pou nou fè yon apèl nan telefòn. Manman m te rele yon manm lafanmi li, epi nou te kòmanse lavi nou Etazini.

Si mwen di nou te lite, se ta minimize pawòl la. Mwen souvan di lòt moun mwen te kòmanse yon fason modès. Oke, sa se jis yon fason minimize pou mwen di “pòv”. Nou te pòv. Manman m te elve nou poukont li kòm yon manman selibatè epi nou te nan yon sitiyasyon chòk kiltirèl. Lè mwen te gen apeprè sizan, nou te demenaje pou n al abite nan New Jersey. Mwen pratikman pa sonje anyen nan sa ki te pase nan peryòd anvan mwen te gen sizan an, mwen kwè se akòz chòk mwen te viv pandan ane sa a yo. Manman m te konn fè tout kalite travay yo te espere yon imigran fè—li te kwit manje, fè netwayaj, epi fè rekòt fwi ak legim. Lè papa m te di l li te vle nou demenaje pou n al abite nan New Jersey, se pa kontan sèlman manman m te kontan epi manman m te byen akeyi èd papa m te kapab bay nan elve twa timoun.

Lè nou t ap viv nan New Jersey, nou te rete nan sousòl matant mwen an, men se te yon sitiyasyon estab. Nou te gen yon sèten estabilite. Mwen pa t panse ditou nou te
“san papye.” Mwen te ale lekòl menm jan ak lòt timoun yo epi paran mwen te ale nan travay menm jan ak lòt paran yo. Nou te pase apeprè twazan nan New Jersey jiskaske nou te demenaje pou nou ale nan Florid. Nou te al enstale nan mitan “hood” la—nan santrevil la. Malgre kote nou te abite a se nwa ki te gen ladan an majorite epi tout moun te sanble avèk nou nan koulè po, nou te diferan epi yo pa t toujou byen akeyi nou.

Ayisyen yo te abiye pitit yo yon fason diferan, yo te mete rad ki gen koulè diferan, yo te pale avèk yon aksan diferan, yo te kwit manje ki gen yon sant diferan epi yo te penyen cheve pitit fi yo yon fason diferan.

Menmsi mwen pa t gen aksan, li te evidan paran m pa t Ameriken. Se te yon chòk kiltirèl. Lè nou t ap jwe deyò ak lòt timoun yo, te toujou gen yon moman kote paran yo kòmanse rele pitit yo pou yo rantre anndan. Tout moun te konnen m sou non Ruth, men lè manman m t ap rele m byen fò avèk vwa pike li a, li te rele: “Rit!

Rit!” (pou moun ki pa pale kreyòl yo, se kòmsi manman m t ap rele “Wheat! Wheat!” ki vle di “Ble! Ble!”, ble yo konn manje a, nan lang angle). Sa fè timoun Ameriken yo te konn chare fason manman m te konn ap rele m lan.

Lefèt ou se yon Ayisyen, se yon bagay ki te difisil, men lè w te san papye epi mete sou sa ou te yon Ayisyen, sa te pi difisil toujou paske ou pa t janm kapab gen yon ti repo. Ameriken pa t renmen w poutèt ou se Ayisyen epi Ayisyen ki te “legal” yo te.

A kontinye...

Pa ka tann? Liv li a disponib sou Amazon an Angle, Kreyòl ak Panyòl. ACHTE KOUNYA