Tifi Kanntè A Eksperyans Yon Rèvèz
Amerik—tè moun lib yo ak patri moun brav yo.

Yon Ekstrè Nouvo Liv Ruth Jean

Amerik—tè moun lib yo ak patri moun brav yo. Poutan, posede moun kòm pwopriyete te legal. Annou reyalis—Amerik gen pwoblèm. Wi, se yon gwo peyi, men se pa yon peyi san defo. Lè pifò Ameriken panse a imigran san papye, tifi Nwa po fonse a se pa imaj sa a ki monte. Imigran san papye yo deja oblije viv nan lonbray sosyete a, men lè w Nwa epi ou san papye, sa kreye yon lonbray nan lonbray la. San papye souvan vle di envizib, san vwa, epi san pouvwa.

 

Lè w Nwa epi ou san papye, sa vle di tout bagay sa a yo ki makònen ak rasism ann Amerik. Mwen pa ka di se mwenmenm sèl ki te vini Etazini nan kanntè. Mwen pa ka di se mwenmenm sèl ki te viv san papye pandan jenès mwen.

A kontinye...

Pa ka tann? Liv li a disponib sou Amazon an Angle, Kreyòl ak Panyòl. ACHTE KOUNYA