Tifi Kanntè A Eksperyans Yon Rèvèz
Moun yo kouri kite peyi natif natal yo pou plizyè rezon

Yon Ekstrè Nouvo Liv Ruth Jean

Moun yo kouri kite peyi natif natal yo pou plizyè rezon epi yo anvi respire lib san yo pa anba menas okenn difikilte ke lavi nan peyi natif natal yo poze, men, si anvi pou respire lib la pa relye avèk youn nan senk rezon mwen te di yo, li pa ranpli kondisyon kalifikasyon yo pou azil. Kisa yon moun dwe sonje, se pwòp eksperyans pèsonèl li yo nan peyi natif natal li epi kijan sa kapab ede l kalifye pou azil.

Mwen te ede plizyè moun analize pi bon plan aksyon an epi pandan mwen t ap aprann konnen kliyan mwen yo ak sitiyasyon yo, sèten eksperyans kliyan yo te petèt neglije paske kliyan yo te konsidere yo kòm nòmal, se bagay sa a yo ki vin tounen bagay ki ede nan yon demann azil. Pa janm neglije eksperyans lavi yo paske nan yon peyi ki boulvèse, chòk ak pèsekisyon se evènman ki rive chak jou epi moun ki viv yo gen tandans konsidere yo kòm nòmal. Azil se yon bagay ki pèsonèl; li baze sou istwa chak moun, epi pa gen yon demann azil paspatou pou tout moun. Malgre sa, yon sèl bagay pifò, si se pa tout moun k ap chèche azil yo genyen an kòmen, sè ke yo tout anvi respire lib.

A kontinye...

Pa ka tann? Liv li a disponib sou Amazon an Angle, Kreyòl ak Panyòl. ACHTE KOUNYA