Yon Ekstrè Nouvo Liv Ruth Jean
POU KÒMANSE...
Lè mwen t ap grandi, mwen te toujou santi fòk mwen ta konnen ki kote mwen moun, ki kote plas mwen ye. Po mwen te nwa, men poutèt paran mwen avèk mwen te fèt deyò Etazini, mwen pa t byen adapte nan kominote Nwa Ameriken an.
“Moun Kanntè Yo” se konsa yo te rele kantite Ayisyen ki te antre Etazini nan ane 70 ak 80 yo, ki t ap kouri pou rejim diktati Divalye a. Nou te rive sou kòt sid Florid yo nan kanntè ki te ranpli ak Ayisyen, pandan nou t ap kouri pou diktati, nou t ap chèche yon lavi miyò, chèche libète, chèche pwosperite. Mwen te twò piti pou mwen te sonje vwayaj mwen te fè nan kanntè pou m te vini isit la. Mwen sèlman konnen istwa manman m te rakonte m yo—epi memwa li te klè tankou dlo kokoye.
Manman m se yon fanm konplèks, li gen fòs pou li jere emosyon li epi li gen konesans lari a. Li pa gen yon gran edikasyon—li gen yon edikasyon lekòl primè. Men, sajès li ak kouraj li, kalite sa a yo fè li se ewoyin mwen. Mi madre es lo que llamamos en criollo haitiano un «poto mitan», que es el poste que impide que una estructura se derrumbe. Literalmente, el poste del medio. Mi madre Manman mwen se sa nou rele an kreyòl yon “poto mitan”, ki vle di poto ki anpeche yon estrikti tonbe. Manman m te kouri kite Ayiti nan fen ventèn li epi li te deplase pou li ale nan zile Naso ki tou pre a, nan Bahamas. Sejou li nan Bahamas te dire ase pou li te gen twa timoun piti. Mwen se pi gran nan twa yo. Nou twa a te fèt avèk yon entèval dezan youn dèyè lòt. Mwen pa bezwen di w nou pwòch. Lè manman m te deside kite Bahamas, mwen te kapab gen apeprè twazan. Ti frè mwen an te gen apeprè ennan, epi ti bebe a te fenk fèt. Manman m te tande yo di papa nou te pral eseye voye nou ann Ayiti pou grann nou bò kot papa te elve nou, manman m pa t kite yo pran li nan bagay sa a.
Sa ki pi mal la se te fason otorite Bahamas yo te trete timoun ki fèt Bahamas yo ki se pitit ayisyen. Malgre nou te fèt Bahamas, nou pa t otomatikman sitwayen Bahamas epi yo te kapab depòte nou! Manman m te konnen si li te Etazini sa t ap bay pitit li yo opòtinite li pa t genyen an. Yo te retire li lekòl pandan li te yon jèn tifi, se yon bagay ki te rive souvan nan jenerasyon li an. Matant li an te retire li lekòl epi li te okipe kay matant li an. Li te kwit manje, fè netwayaj epi pase rad epi, poutèt sa, yo te sipoze voye li lekòl. Sepandan, yo pa t janm voye li lekòl.
Manman m ta pito mouri pase pou l ta wè pitit li yo travèse sa li te viv lè l te timoun. Li te chèche peyi opòtinite a. Etazini se te yon fa ki t ap bay limyè ak lespwa pou moun ki t ap espere yon ale mye yo.
Manman m se te youn nan moun ki t ap espere yon ale mye yo, men li te pèdi lespwa tou—pèdi lespwa pou pitit li yo genyen sa li pa t genyen. Nan moman sa a, manman m te deside tout sa li t ap fè se t ap pou pitit li yo. Li te sakrifye tout bagay pou pitit li yo epi li t ap sakrifye lavi l menm si sa ta nesesè. Kounye a mwen se manman twa timoun epi mwen vin konprann gwo sakrifis manman m te fè a. Desizyon li te pran pou li mennen nou Etazini nan kanntè a, sa te chanje lavi mwen pou tout tan.
A kontinye...
Pa ka tann? Liv li a disponib sou Amazon an Angle, Kreyòl ak Panyòl. ACHTE KOUNYA